Now Reading:
Kowonaviris : Gouvènman an mande kolaborasyon popilasyon an
Full Article 3 minutes read

Kowonaviris : Gouvènman an mande kolaborasyon popilasyon an

Minis Kilti ak Kominikasyon, Minis Touris, Minis Jenès Espò ak Aksyon Sivik ansanm ak Minis Travo Piblik la mete vwa yo ansanm, jou ki te 6 avril 2020 an, pou mande popilasyon an swiv konsèy Otorite yo bay pou evite plis moun kontamine ak maladi Kowonaviris la.

Nan entèvansyon li fè nan Sant Enfòmasyon Pèmanant sou Kowonaviris la, Minis Kilti Kominikasyon an, Mesye Pradel Henriquez, mande popilasyon an yon lòt fwa pou koute konsèy otorite lasante yo, paske maladi Kowonaviris la pa yon jwèt.

Minis la fè tout moun sonje se responsabilité leta pou pran bon jan mezi pou pwoteje popilasyon an. Nan sans sa a, Mesye Henriquez mande popilasyon an fè solidarite yonn ak lòt paske: « Kowonaviris la pa yon jwèt, se nan koud a koud n ap rive frennen Kovid19 la epi anpeche plis moun kontamine ».

Yon lòt kote, Minis Kilti a fè tout opertè kiltirèl ak responsab rara yo sonje leta te pran gwo mezi, nan dat 18 mas 2020 an, pou entèdi tout radanbleman nan lari nan kad eta dijans la. Kidonk, Minis Pradel Henriquez deklare: « aktivite rara entèdi nan tout peyi a pandan semèn sent la ak dimanch pak ».

Minis kilti ak Kominikasyon an rekònèt se yon tradisyon ki enpòtan pou popilasyon an. Men mezi sa a se yon mwayen pou anpeche plis moun kontamine ak Kowonaviris la.

Nan menm sans lan, Minis Touris lan. Madan Myriam Jean ak Minis Jenès Espò an, Mesye Max Attis mande popilasyon an rete tèt frèt. Daprè tou de Minis yo, gouvènman ap kontinye travay pou akonpaye popilasyon an fas ak pandemi sa a ki pa sispann fè anpil viktim chak jou nan mond lan. Minis Myriam Jean Ak Minis Max Attis mande tout fòs andedan peyi an pou pote kole ak gouvènman nan batay kont Kovid19 lan.

Bò kote pa li, Minis Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon an, Mesye Joaséus Nader rete kwè pi gwo batay la se rive touche popilasyon ki ap viv nan zòn ki anba kontwòl nèg ak zam yo. Nan sans sa a, Minis Nader lanse yon apèl bay tout gwoup ak zam pou depoze zam, yon fason pou otorite lasante yo rive bay manm popilasyon an ki ta kontamine bon jan swen ka yo mérite.

Gouvènman an mobolize pou rive bay yon repons ak pandemi Kowonaviris la. Nan sans sa a, Minis Kilti ak Kominikasyon an, M. Pradel Henriquez te lanse platfòm CIPC an pou rive enfòme ak sansibilize popilasyon an sou konpòtman yo dwe genyen fas ak Kowonaviris la. Semèn ki sot pase an, Minis Pradel Henriquez bay Asosyasyon ABAKO, sipò nan kad batay k ap mennen pou kwape Covid19 la anndan peyi a.

ABAKO se yon gwoup Atis ki met tèt ansanm pou konbat Kovid19 la. Gras ak Ministè Kilti ak Kominikasyon, ABAKo rive distribye kit sanitè nan plizyè lokalite tankou: kòniyon, Kazal, Leyogàn, Kafou: nan baz rivyè fwad, Boulva Jan Jak Desalin gran ri: nan baz atis résistants yo, zòn kafou fèy ak savann pistach.

Sous : Nòt Ministè Kilti ak Kominikasyon

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.