Now Reading:
Kout je sou « Kolye an denmon » Frantzley Valbrun an
Full Article 3 minutes read

Kout je sou « Kolye an denmon » Frantzley Valbrun an

Otè Douglas Zamor

Aprè « Makòn dan », « Kolye an denmon » se dezyèm rekèy powèm Frantzley Valbrun ban nou nou menm lektè. Rekèy sa a parèt anba chapo Edisyon Florezon an Ayiti nan ane 2019 la.

Lè nou gade li, nou wè yonn nan bagay ki enspiran lakay powèt la, se fason li chaje mo yo, fason li ba yo pisans nan pwezi li sot rekòlte sou presyon enspirasyon an. Li chaje yo tankou tchovi yo pral lage nan savann, tankou kòk kalite. Li fè seremoni pèsonèl li, li kole mo ak mo, li jwenn imaj, li jwenn son jiske li leve tèt li nan basen an ak yon bann rèv sansib makònen. Men sa ki enpòtan an, se vèpwezi yo k ap fè w wè ki kantite enèji k ap danmbala toutotou mo sa yo ansanm. Tande sa: m kenbe kòd pasyans mwen byen di/ nan limit batman kè m/ si w fè m jwenn barèt lakansyèl/ m a ba w venmil tèt nèg/ di lawouze pou mwen/ solèy mwen pa chofe bwa vèt/ sispann souke jipon l anwo m.

Nou gen plizyè deseni depi n ap viv sa n t a ka rele yon yon blòf demokratik an Ayiti. Tout sa pou nou fè ansanm yo pou nou leve kanpe yo, se yo nou neglije. Nou lage pitit peyi a al peri lòtbò dlo. Nou bay pwòp pitit peyi a pou ka regle zafè pèsonèl nou. Nou pa kite espas pou dyalòg reyèl tanmen nan peyi a. Tout koukouy klere pou je w. Nou lage avni nou sou fatra. Timoun pèdi valè yo. Drapo nou ap fè lakilbit. Nou santi fò. Nou fou. Nou lage lang nou nan fon lanmè.

Menmjan powèt Wolbens Jean-Baptiste te ka di, Kolye an denmen te ka sèvi ba savon pou n lave konsyans nou. Paske powèt la wè lwen. L ap gade nan lonnvi tout sa ki rive epi tout sa ki pral rive. Literati ba li posibilite pou li vizyone sa. Barèt lakansyèl fè n panse ak timoun ki pral lekòl nan yon peyi nou chwazi kontui pozitivman pou yo. Mezanmi, sispann souke jipon sal nou nan figi zansèt yo tande. Peyi a pa yon savann vre.

Anfèt, dinamik ki mete Frantzley nan won an, se yon dinamik popilè. Konsyans sosyal li pa kamarad nenpòt konsyans. Li travèse plizyè kalfou pou li vin Pòtoprens, vin tchoula kò li nan mitan gwo tenò nan literati ayisyen an. Soti sou Georges Castera fils, pase pran Manno Ejèn, Pierre Richard Narcisse, Lyonel Trouillot, Michel Ange Hyppolite pou n rive nan Bonel Auguste, Iléus Papillon…powèt Frantzley montre li gen nivo pwezi tan an anba plim li.

… Zanmitay

m ap parye pati ki pi dous nan kò latè

ak bon sans ou

si w wè mo ki simante zetwal yo

pran lari

se pa nan tisourit yo prale

men se dèy y ap pote pou rèv

kochon devore nan lalin…

 Gen plizyè lòt ekzanp figi estil ki dous toujou nou te ka chwazi, men nou kite lektè yo pou yo dekouvri myèl k ap koule nan jaden pwezi Frantzley VALBRUN, yon ti jennonm ki chaje avni nan milye literè ayisyen an.

______________

N’hésitez pas à aimer les pages Facebook, Twitter et Instagram de Sibelle Haïti, à partir de ces liens :

https://www.facebook.com/SiBelleHaiti/

https://twitter.com/SiBelleHaiti?s=08

https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1w2simhemzyle&utm_content=6j1ixsn

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.