Now Reading:
Kozman : Jérémie, Ti-Amélie, fanm pwezi
Full Article 2 minutes read

Kozman : Jérémie, Ti-Amélie, fanm pwezi

Par Mérès Wèche

C’est une nouvelle série de textes titrée « Kozman », produite par l’écrivain, peintre et critique d’art, Mérès Wèche. Des textes d’une rare beauté qui se situent dans le croisement du conte et de la poésie. Dans cette nouvelle série, l’auteur va à la rencontre de Ti-Amélie au cœur de la ville de Jérémie, sur la place d’armes.

Kozman 1

Lontan, sou balkon kay Ton-Titi a, nan Jérémie,
Sou Kare-Mache, anfas Pyè Sansarik ak Jès Pero,
M te konn fè bon jan lanmou ak Ti-Amélie,
M te konn founi je m gade l, depi anba, jis anwo.

Kozman 2

Nan mache a menm, Sereyèl se te sèl kòk chante
K ap tyeke nèg, pandan l ap kwit manje an kantite
Li pa t janm fache lè vakabon te konn rele l doubsis
Okontrè, sa te chame l, sa te fèl yon grap plezi anplis

Kozman 3

Lòtbòlari a, devan Baza Solèy Levan Antwann Jan an
Abnè Chal k ap netwaye soulye gran nèg pou ti lajan
Diskòb, kenzkòb, jiska venkòb, jamè pou plis ke sa
Te konn sou kon pipirit, depi m maten jis trèta konsa

Kozman 4

Ofilyo menm, tou de blan, ap desann ak yon ti badin
Pou l mache rive tou dwa devan Sereyèl al fè lasisin
Pandan l ap dekoupe kòpyèz, l ap anmède Ayenkwen
Ki grangou depi m maten, ap vale van, nan yon kwen

Kozman 5

Veli Boudaka tou, k ap gade sa, pa gen okenn espwa
Pou li ta rive jwenn mwayen manje yon ti soloba
Chans pou yo, labrinndiswa kouri dèyè tout machann
Yo tonbe al ranmase depi se lam veritab ki pa fin vann

Kozman 6

Ti-Amelie, menm, pran plezi pise nan dyòl tout vakabon
Ki te konprann yo ka vin fè l wè lalin fè fwomaj tout bon
Tankou vin geri bosko yo sou kare a pou mande l fanm
Aloske, se sèlman poèt li aksepte k mennen l nan chanm.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.