Now Reading:
Le réveil
Full Article 2 minutes read

Le réveil

Par Marie Alice Théard

Toujours légèrement irritée. Je déduis que ces deux partenaires sont trop voraces. J’ai eu la sensation de devenir insatiable de toi. …

Ou di ou vini pou leve mwen sou nich… Tann mwen bon… Tann… A ! Jou mwen rive nan bon dimansyon an, ma pral kenbe ou, nan de fant janm mwen…

Map koupe ou jouk nan nannan ou… Ma pral karesse kote ou konnen gen youn ki tankou choukèt lawouze devan de gadyen yo…

Mwen pral fè li pèdi frekan isit tankou mango y’ ap souse jouk nan grenn…

M’a pral viwonnen bagay sa kou piwouli andedan bouch bave ti moun visye… M’ap depafini gadavou li…

M’a pral fè ou jwi jouk ou sou… Wa depale. Wa di mwen ke ou renmen mwen mem si se pa vre…

Wa pral rete lang pann nan laviwonn dede sa… ou tande fanm, tann… annapre netwaye apre ma pral ri ou, kokobe ou.

Plezi wa rete tou mouye « mon fi » … Wa nwaye nan gouye… se nan dòmi wa plonje

Pita lè wa leve… bagay sa… se nan lanmè w’ ava al tranpe chofi ki pral monte

Mwen te ba ou fè premye gòl yo… dezyèm mitan pral kòmanse. Tann mwen … map vini… Mwen arebò tèren jwèt la…

Nou pral vini se kou mango kòn ki pral lage ji nan gagann aloufa apre jounen travay anba solèy kache ajoupa… Jou sa a… Jwi se rans… Mwen pral tann ou ti papa… Wa pale mwen de sa…

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.