Now Reading:
Kozman patrimwàn nan Jeremi
Full Article 3 minutes read

Kozman patrimwàn nan Jeremi

Par Mérès Wèche

Pandan n’ap selebre lavi Émile Roumer, 32 zan apre (4 avril 1988- 4 avril 2020), kèt ti kozman ki pa depaman ak lavi powèt la.

Kozman 1

Mwen sonje tankou jodia lè premye ansèy neon rive Jeremi
Se te pi gwo evennman eletrik komèsyal nan vil saa an 1959
Si w pa t kouri al gade bèl mèvèy sa, pou wou, pa t gen lavi
Se PyèAndre Chal ki te vini ak yon ansèy liminèz flanban nèf
Pou Nwèl, se te sitou la ak kay Madan Arigan yo te vann jwèt
Se lè saa, fanmi ki kapab te rive fè kè tout pitit yo kontan nèt.

Kozman 2

M sonje kèk kamyon ak bato, nan vwayaj pa tè ak sou lanmè
Pou gwo kamyon, m sonje Titi, Wobè Lik, Jèmen, Jan Ponpe
San m pa bliye Ti-Mèt, Ti-Mora, Sonson Izak , Antwann Vèrye
Ni tou Jera Filip, ak 2 ti kamyonèt, ki se Ti-Foche ak Jera Lagè
Pou bato menm, m pa bliye Mari-Jozèf, Ti-Florida, Primadona
Sirèn, Lafranchi, Sen-Moyiz, Neptin, Klaris, Kayizè ak Liselya.

Kozman 3

Gen anpil lòt bèl souvni ki nan wout ap vini, kon patrimwan yo
Sa vle di poèt, mizisyen, sit istorik yo, plaj piblik ak kèk sedantè
Ki make vil la nan sa yo fè kòm edikate, doktè, ki se te materyo
Pou bati jenès la, kit se te mouvman eskout ak gid, pyè sou pyè.

Kozman 4

Mwen toujou plede pou Jeremi vin yon vil Mize kon Puebla
Tout ansyen kay poèt yo ta dwe kapab idantifye pa yon plak
Paske san sa, nou riske ka wè memwa vil saa fini pak an pak
Se pou sa rive fèt nan deseni saa, kout ke kout, avan l twòta.

Kozman 5

Se nan espri saa mwen reyalize yon dokimantè sou Emil Woumè
Ki jwenn ak dat lanmò li, jou ki te 4 avril 1988, gen 32 zan an aryè
Jodia, si se pa t lakòz kowona, dokimantè a te dwe sou tout ekran
Pou n te selebre memwa gran poèt saa, an gran jan, ak kèkontan

Kozman 6

M mande chak zanmi k ap li kozman saa pou l fè yon rekèyman
Nan memwa potorik gason silaa ki fè pati patrimwann peyi nou
L ap viv jodia atravè zèv li, yon resous ki merite anpil konpliman
Ann bat yon gwo bravo pou li paske li pa ka mouri nan lespri nou.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.