Now Reading:
« Lespri pote-kole » , yon tèm kle nan kont « Sen Jan » Feliks Moriso Lewa
Full Article 3 minutes read

« Lespri pote-kole » , yon tèm kle nan kont « Sen Jan » Feliks Moriso Lewa

Anba men Walner OLVIER

 

« Yon nonm pa mouri fasil lè l ap chache ride kanmarad ki nan malè. »

« Sen Jan » se yon Kont ekriven Feliks Moriso Lewa, nèg Gran Gozye nan depatman Sidès Peyi Dayiti, ekri. Yon travay wòdpòt Moriso akouche nan lang kreyòl ayisyen an. Kalte kreyasyon zèv la rann yo menm rive adapte li nan Teyat.

Si kont se yon resi, yon kreyasyon lespri ki dekole apati yon fè, yon evènman imajinè oubyen reyèl, li pa la pou distraksyon sèlman. Li se yon jan literè ki sèvi pou transmèt yon ansèyman moral, pataje kèk valè sosyal ak lektè yo. Se sa nou jwenn nan Kont « Sen Jan » Moriso-Lewa.

Lespri pote-kole sila se yon jès byenveyan otè a pataje nan tèks la ak lektè yo.Moriso rakonte listwa yon siklòn ki devaste Gran Gosye. Maren ki te gen bato sou lans e ki te nan difikilte te bezwen èd lòt moun pou sove bato yo. Kout lanbi te pote mesaj la ale. Ti Moriso, se li k t al pote-kole e mete moun yo dèyò nan malè pandye yo te twouve yo.

« Lò m tande kout lanbi sa yo mande sekou, m pa fouti pa leve pou m al pote sekou. Kout lanbi n tande a, se pa sèlman malè de zou twa nèg ak nègès se malè tout nèg ak nègès (…) »

Nan « Sen Jan » (edisyon 2020), otè a pataje ak lektè li yo enpòtans lespri pote-kole nan fè sa ki byen genyen nan lasyote. Nou dekouvri, selon sa otè a kouche nan kont sila, viv nan pote-kole se pi bon fason moun ka rive viv nan yon kominote. Lò n founi-je-gade nan tèks la, nou ka wè Moriso lese konprann linivè ap lonje w lamen lè w viv nan pote-kole pou rive ride lòt kretyen-vivan ki nan ka.

« Bwa ak wòch k ap tonbe ta kab kase tèt mwen, kase janm mwen. Lanbi a k ap rele m vin ride maren yo ki nan mizè, anyen pa kab rive m. Yon nonm pa mouri fasil lè l ap chache ride kamarad ki nan malè, p.7_ » , se sa pèsonaj la deklare.

Lespri Pote-kole a se yon aksyon charite ki esprime lanmou youn gen pou pwochen li. Nou ka di, kominote lòm se yon sistèm ki gen yon ansanm eleman vivan (moun) ki marande pou youn pèmèt lòt egziste. Se sa ki montre gwo enpòtans lespri pote-kole a, paske si youn peri, sistèm lan ap nan ka.

« Fòk mwen rive kote kout lanbi yo ap ti a,kote vwa maren yo ap rele m nan van. Si m ta rete, si m ta tounen, m ta mouri. M pa ta ka viv lòm ta sonje m te tande, epi m pa t desann al ride kanmarad yo nan lamè sa a. Fòk mwen rive kot maren an yo ap souffle lanbi pou mande sekou, p.8 »

« Lò m rive, m a annik lonje men m, touche bati a, men m va kontre men yon kamarad. Youn va di lòt m la. Yo gen ranfò m. » p.8

Lespri solidarite Moriso Lewa pataje nan Kont Sen Jan, nan yon kad jeneral, se yon eleman solisyon ki ka ride rezoud yon seri pwoblèm yon peyi ap konfwonte, espesyalman ka Ayiti ki ap travèse kafou difisil.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.