Now Reading:
Sant Kominotè Larezèv ap rann Jak Woumen omaj
Full Article 2 minutes read

Sant Kominotè Larezèv ap rann Jak Woumen omaj

 

Anba men Coutechève Lavoie AUPONT

LAWOUZE, se sou tèm sa Sant Kominotè Larezèv (SKL) deside rann Jak Woumen, otè « Gouverneurs de la rosée, » omaj. Omaj sa ap pran fòm atelye ak jèn lokalite a ak zòn nan vwazinaj yo. Se yon pote kole pou ofri jèn yo, sitou timoun piti yo, lòt distraksyon, ki p ap defòme ni kò yo ni lespri yo. Epi k ap simen pi bon sitwayen pou demen.

 

SKL tabli kò li nan Gwa (Goa), Tomasen 32, Piwon, depi onz (11) lane. Sant Kominotè Larezèv se yon lekòl premye ak dezyèm sik fondamantal. Se yon bibliyotèk. yon sant kiltirèl. SKL plis pase sa toujou. Se yon reposwa pou timoun, jèn fi kou gason vin fè teyat, danse, aprann fè desen, penti, jwe tanbou, li, di ak ekri powèm. Sant Kominotè Larezèv se yon pwojè moun tou BON.

 

Premye koze nou dwe retni, Pwojè Lawouze tanmen jou samdi ki te 13 novanm 2021an, enpi l ap dire yon lane. Yon lane konbit nan lide mètrès liv Woumen an. Yon ane atelye kiltirèl ak atistik, san nou pa bliye yon atelye sansibilizasyon sou enpòtans ak ijans ki gen yen pou pwoteje anviwónman. Ap gen koudjay ak espektak chak twa (3) mwa pou evalye, prezante, fè gran piblik la pwofite aktivite yo epi rive apresye travay k ap fèt la.

 

Yon dividal zanmi liv, teyat, dans, liv, lakilti, renmen ak pataj reyini mete konesans ak fòs ponyèt yo pou mennen pwojè a nan bout li, pou fè lwazi, edikasyon ak fòmasyon koule frè pou pyès pèsonn pa rete zonbi. Se pa wout mesaj Jak Woumen an nou pran la?

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.