Now Reading:
SEREK: lansman 2yèm edisyon Pri Pwezi Kreyoliti
Full Article 2 minutes read

SEREK: lansman 2yèm edisyon Pri Pwezi Kreyoliti

Walner Olivier

Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti- SEREK- ki ap « travay pou fasilite yon politik lengwistik » an Ayiti, fè lansman ofisyèl dezyèm edisyon Pri Pwezi Kreyoliti a, jodi madi 21 septanm 2021 an. Pri pwezi a ki tabli « pou ankouraje plis pwodiksyon fèt nan lang kreyòl ayisyen an epi dekouvri plis jèn k ap fè travay serye nan literati » , se yon konkou nasyonal.

Pri Pwezi Kreyoliti a pati pou yon dezyèm edisyon. Responsab yo kenbe tennfas objektif yo ki se ankouraje plis pwodiksyon fèt nan lang kreyòl ayisyen an epi dekouvri plis jèn k ap fè travay kreyasyon latizay serye nan literati, se sa direktè jeneral SEREK la, Marvens A. Jeanty, fè konnen. Dirijan presize se sèl powèt ayisyen ki ap viv sou bout tè peyi Ayiti ki ap kapab patisipe.

Jiri a ki monte ak Douglas Zamor, Adlyne Bonhomme ak Wilbert Fortuné ap gen pou evalye tèks yo sou divès kritè tankou nivo travay sou lang lan ak kreyasyon atizay, òtograf e sentaks.

Yon ansanm kondisyon dwe respekte pou yon moun patisipe nan konkou Pri pwezi Kreyoliti a. Li ouvri pou moun ki pa gen pase 30 lane. Enterese yo ap soumèt yon tèks ki ekri an kreyòl sou tèm li vle ki pa dwe gen plis pase 700 mo,  »an fòma word, ekriti Times New Roman, entèliy 1.5 e gwosè ekriti a 12 ». Anplis, patisipan ap gen pou soumèt yon kout biyografi ak yon foto pwofesyonèl. Y ap voye ansanm done sa yo nan adrès: kreyolti9@gmail.com.

Enstitisyon an ap rekonpanse otè 3 pi bon tèks yo. <<Premye a ap jwenn yon plak donè, 20.000 goud, lo liv ak kat rechaj. Dezyèm nan ap jwenn 15.000 goud, lo liv, kat rechaj. Twazyèm nan ap jwenn 10.000 goud, lo liv, kat rechaj>>, se prim lareya, dezyèm e twazyèm ganyan, selon responsab SEREK yo, ki souliye gen yon prim apa pou tèks piblik la vote plis la.

Komisyon òganizatè konkou a ap resevwa tèks yo depi jodi 21 septanm lan pou rive 31 oktòb k ap vini an.

22 novanm 2021 se dat ki fikse pou piblikasyon rezilta ofisyèl finalis yo, e seremoni remiz pri a fèt 15 janvye 2022.

Laisser une réponse

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Input your search keywords and press Enter.